Òganizasyon Intènasyonal pou Imigrasyon yo (OIM) rive konte e anrejistre plis pase 3 000 moun ki pèdi lavi nan vwayaje pou lòt peyi nan tout mond lan nan moman an la, anvan 2020 an fini.
Se vre nan tout fontyè nan mond lan gen anpil règ pou respèkte avanw travèse yo, jis pou peyi yo ka anpeche kowona viris la pwopaje plis, men sa pa anpeche yon milye imigran, ladan yo gen ayisyen kap chache yon vi meyè, pa sispann kite lakay yo e al riske vi yo nan yon vwayaj ki ka detwi lavi yo nan mitan lanmè. – nan karayib la pou ayisyen yo e – nan dezè ak nan rak bwa amazòn nan.
Li klè pou nou
konnen kantite moun ki peri nan jan de vwayaj sa yo pandan ane 2020 an bese pa
rapò ak lòt ane ki pase yo. Men gen lòt wout nan tout wout moun yo konn pran
pou yo vwayaje yo ka lanmò yo ogmante, tankou pou pi piti 593 moun te mouri sou
wout lil kanari an espay jiska prezan la a an 2020, pandan sete sèlman 210 moun
kite mouri an 2019 epi 45 an 2018.
Nan amerik di
sid la gen yon ogmantasyon imigran ki mouri lè nap konpare ane avan yo, te gen
pou pi piti 104 moun ki te peri – majorite a sete venezyelyen – pandan nan ane
avan yo sete pou pi piti 40 moun ki peri.
1 773 moun peri
pou pi piti sou wout pou ale an ewòp ane sa a, se wout ewòp la ki gen plis moun ki mouri ane sa a, se depi an
2014 toujou gen plis moun ki mouri sou wout pou yo al an ewòp, se sa nou toujou
konstate depi lè pwojè « Migran ki Disparèt yo » te kòmanse ap resevwa infòmasyon sou jan
de sitiyasyon sa yo.
Anviwon 318
gason, fanm ak timoun pèdi lavi yo sou fontyè etazini ak meksik, nou te
konstate prezans anpil imigran ayisyen, e yon lòt bò nan sidès peyi azi,
anviwon 245 lòt moun peri – majorite a sete refijye Rohingyas ki tap vwayaje sou
lanmè Myanmar ak Bangladesh pou ale Malaisie, Thailande ak Indonesie – epoutan 143
ak 112 lòt moun mouri nan lanmè karayib la.
source : Centro de Análisis de Datos Mundiales sobre la Migración de la OIM. Correo electrónico: jblack@iom.int. Teléfono: +49 30 278 778 27